Doktè Ernst Mirville, se te youn nan manm Akademi Kreyòl ayisyen an, li te konn ekri nan lang kreyòl la, sou non Pyè Banbou, li te manm fondatè Sosyete Koukouy. Li pote yon kokenn kontribisyon nan emansipasyon lang kreyòl la, li te menm pran prizon nan Fòdimanch sou gouvènman makout divalyeris la. Li pibliye plizyè liv